17/02/2024
Jesyon finansyè(lajan) se yon konpetans anpil moun ta dwe devlope depi gen yon revni estab. Poutan, gen moun k ap travay depi plis pase 20 lane nan bon djòb k ap touche yon salè k gra. Malgre sa, anpil fwa ou menm k ap obsève eta moun sa ak sitiyasyon finansyè li w ap mande kisa l fè ak lajan ?
Malerezman, m pa p ka reponn kesyon sa pou pèsonn men, depreferans kite m pataje ak ou estrateji “E³” la. Mwen rete kwè l ap itil ou anpil.
Tou dabò, “E³” la siyifi *Epanye, Ekonomize* ak *Envesti*
Ou EPANYE lajan lè w aplike fòmil sa. *Epay = revni - konsomasyon* sa ki vle di, se ti mòso lajan ou sere lè w fin fè tout depans ou yo.
Sere lajan dwe toujou youn nan priyorite esansyèl pou tout moun ki gen yon revni. Anfèt, konpòtman sa pemèt ou gen yon rezèv pou lè sa pi mal demen oubyen lè w ap gen bezwen pou w pran. Lè w epanye, li pi fasil pou ou pou w planifye vakans, planifye acha kay, machin ak lòt byen mobilye oubyen imobilye w bezwen yo. Sepandan, li trè enpòtan pou n evite konfònn epanye ak *Tezorize* (se lè w fè yon epay eksesif. Pou n di mye, se lè w ap anpile lajan w yon kote san w pa janm depanse l, ou retire l nan sikilasyon sou mache a, pandan w ap viv nan kras) Se yon konpòtman a evite paske sere lajan pa fè moun vin rich 🤑.
Ou *EKONOMIZE* lè w byen planifye ak optimize depans ou pou w toujou jwenn satisfaksyon w ap chache yo san w pa deranje ni pòch ou ni moral ou aprè.
Pa gen pi bon estrateji ke ekonomize! Fè lajan se youn men, depanse l se yon lòt e se etap ki pi enpòtan nan lavi finansyè ak ekonomik yon moun, “KONN DEPANSE.”
Petèt, anpil nan nou jiskaprezan te ka pa rive sène vrè definisyon “ekonomize” oubyen te konfonn ekonomize ak jesyon. Ebyen! ekonomize se aprann depanse estratejikman, se optimize depans ou pou w jwenn satisfaksyon w san remò lè w fin depanse ni enpak negatif irevèsib sou finans ak trezòri ou.
– Si lè w poze tèt ou kesyon : èske m depanse senpleman pa abitid, neglijans, emosyonèlman,oubyen pa adiksyon ? Repons w ap jwenn ak kesyon sa yo dwe pèmèt ou idantifye si l nesesè vre pou w depanse ou pa.
Ou “ENVESTI” se lè w mete yon pati nan lajan w yon kote pou l ba w randman oubyen yon plivali sou yon dire de tan. Ou ka enjekte lajan an swa nan yon biznis, nan plasman, oubyen nan tout lòt sektè ki gen pou objektif fè w jwenn yon di plis sou sa w te mete an premye a.
Si pou anpil moun jou k jounen jodia envesti rete yon sijè ensezisab, enkonpreyansib. Ann fè yon ti pale! Ou envesti lajan se lè w aplike prèske menm fòmil ak epay la men nan yon vèsyon ki pi entèlijan *envesti = epay + valè mize”. Sa ki vle di, se mòso w retire aprè w fin epanye ak optimize depanse ou. Pou n pi klè, se yon miz ki fè ak yon ti pòsyon ki pral travay pou ba w lòt rantre/revni. An gwo, lè w envesti ou kreye plizyè lòt sous revni( segondè oubyen miltip). [ Ou pata believe that😆]
Yon lajan w envesti se yon lajan w
Riske
Pa pè pèdi.
Retire espwa w sou li pandan yon dire byen detèminè
Ki gen pou objektif ba w randman/fè w fè pwofi
Ou ka envesti nan kriptomonen Imobilye, stòk, enèji, nouvèl teknoloji oubyen fè plasman nan bank
Pi piti tan pou omwen w kòmanse tire bon pwofi sou lajnw envesti estime ant 5 a 8 lane. Se pou rezon sa menm lè w ap envesti ou dwe toujou epanye.
An konklizyon, revni mansyèl ou ap toujou ensiyifyan si w gen objektif ou vle atenn. Meyè fason se, etabli estrateji “E³” nan abitid ou pou atenn yon endepadans finasyè. Sepou tet sa, moun ki mennen yon vii finansyè ki plis entelijan viv san estres e yo atenn objektif yo fikse yo fasilman. Kounya m kapab di w, se sèl mwayen pou w pa tonbe nan menm sitiyasyon ak moun sa ki fè plis pase 20 lane ap travay nan yon bon Djòb la, poutan ki pa janm fè pwogrè a.