14/07/2020
Pouvwa Mèsi Genyen
Zanmi m, Lavi ka Bel si w di Mèsi
Chak maten le w Leve di Bondye :
Mèsi pou lavi
Mèsi la Sante
Mèsi pou fanmi w
Mèsi pou jan l pran swen w
Mèsi paske w domi w leve
Mèsi paske w soti w antre
Di BONDYE Mèsi pou Pwojè li gen pou ou
Mèsi pou kote l mete w
Mèsi Paske Nan tout zanmi w genyen, se li ki rete pi prè w
Mèsi paske Nan tout moun renmen w, se li ki pap janm lage w
Di l Mèsi Paske lè fènwa anvayi w, tanpèt la kouvri w, Lanmè a move, li pap chanje avè w, lap kenbe menm w pou l travèse avè w.
Bondye Konn tout sa w bezwen, pa pèdi tan w, mande, mande san rete– monte, desann wap mande pasi pale, ou ka rive dekouraje, wap fatige, ou ka tonbe nan sak pa bon wi… Di l Mèsi san kanpe –
Pandan wap di Bondye Mèsi
Pa Bliye Di Zanmi w lan Mèsi
Mèsi paske li gen tan pou ou
Mèsi paske li ede w jan l kapab
Mesi paske l pataje move moman yo avèk ou
Sonje pou di zanmi w mèsi pou chak ti jès lanmou li demontre !!
Pa mande l rezoud problem ou, wap fè l pè w, wap fè kè l sote lè l wè w.
Sonje pou di :
Manman w ak Papa w, Mèsi
Pwofesè Lekol ou- Mèsi
Madam ak Piti ou - Mèsi
Mari ak Piti ou - Mèsi
Moun ki vin wèw nan Prizon an - Mèsi
Moun ki vin wè w lè w malad - Mèsi
Moun ki ba ou manje, lè w grangou - Mèsi
Moun ki konn siye dlo nan je w, lè wap Kriye - Mèsi
Tout moun ki ba ou konsey, pou kenbe lè bagay difisil, di yo mèsi !!!!
Di mèsi san kanpe – Mèsi gen plis Pouvwa pase mande – SONJE POU w toujou DI MESI !! –
Koutwazi « Lavi Ka Bèl » (LKB)