14/06/2025
Trading: Plis Pase Jis Achte ak Vann 📉📈
Gen moun ki tande mo trading epi yo panse se aza, oubyen se jis achte pou vann pi chè. Gen lòt ki deja sou wout la, men ki toujou ap lite pou mete tout moso yo ansanm.
Mwen deside lanse tèt mwen pi fon nan mond sa a — pa paske li fasil, men paske li transfòme mantalite w, li fòse w devlope disiplin, pasyans, analiz, ak kontwòl tèt ou.
⚡ Si w deja sou wout la — ou konnen jan li difisil pou rete konsistan.
🧠 Si w ap chèche konprann — trading se pa lajan vit; se konesans, estrateji, ak sistèm.
Mwen pral pataje ak nou eksperyans mwen, sa mwen aprann, erè mwen fè, ak zouti mwen itilize pou grandi chak jou.
📍 Sa se jis premye etap la.
Si w deja ap trade oswa ou vle kòmanse, komante “Mwen la” pou m konnen a kilès mwen ap pale.
Nou pral aprann ansanm.