Ayiti Futur

Ayiti Futur Ayiti Futur se yon mouvman pou yon lòt Ayiti, yon Ayiti pou nou tout fyè de li toupatou nan mond lan. Ann travay ansanm Jodi a pou yon pi Bon Ayiti an 2020

08/13/2026

: |ENFO|13.08.2026| Analiz ak Komantè Sou Aktyalite Peyi d Ayiti pou Jounen an|

07/22/2026

: |ENFO|22.07.2026| Analiz ak Komantè Sou Aktyalite Peyi d Ayiti pou Jounen an|

07/22/2026

: |22.07.2026| Tout Nouvèl sou peyi d Ayiti ak Ekip Jounalis Mega yo|

07/21/2026

: |ENFO|21.07.2026| Analiz ak Komantè Sou Aktyalite Peyi d Ayiti pou Jounen an|

Yon ti koudèy sou bilan prezidan kòdonatè   Fritz Alphonse Jean ki te konn ap fè gwo analiz, pale zuzu, ap pwone "Transi...
08/07/2025

Yon ti koudèy sou bilan prezidan kòdonatè Fritz Alphonse Jean ki te konn ap fè gwo analiz, pale zuzu, ap pwone "Transition de rupture" e menm rive fè moun kwè ke li gen karaktè gason kanson, e ak li menm nou te ka gen yon ti espwa miyò pou yon pi bon demen.

Malerèzman, pèp Ayisyen fenk kare reve je klè ak politisyen grangou sa yo ki san diyite ak onè; ki fè depi nèg rive nan pozisyon ak yon ti mòso pouvwa a leta nan men l, li gen yon sèl reflèks se vòlè tank li Kapab pou l sere, pou lè l pala ankò pou l asire ke li gen ase manje pou l manje pandan l ap fè yon gwo silans pou moun ka bliye e menm fè yon pèdi memwa pou yo pa sonje tout vye zak yo poze ak manfouben yo nan pran póz yo pa okouran de anyen k ap pase nan la Repiblik.

Li t ap difisil anpil pou yon Moun pa ta espere Mye ke bilan sa ak 9 aksyon ensiyifyan ke Ti Fritz ba nou la; kòm se li nou jwenn nou oblije voye je sou yo pou n pa sòti sèch nèt.

Lepèp, Mwen pale twòp! Banm pataje ti grafik sa ak nou ki rele "La Neuvaine de Saint Alphonse" pou n ka fè yon ide de bilan mouche Alfons ki fonse nou pi fwon nan twou nou ye la!! Menmsi li an fransè, men grasadye n ap rive konprann li!

Si w pa vle pran okenn risk, ou pa vle eseye anyen ki nouvo, ou pa vle abandone zòn konfò w yo, ou pa vle chache konnen,...
08/07/2025

Si w pa vle pran okenn risk, ou pa vle eseye anyen ki nouvo, ou pa vle abandone zòn konfò w yo, ou pa vle chache konnen, ou pa vle aprann, ou pa vle Antreprann anyen... EH BEN, ANYEN POZITIF P AP RIVE NAN VI W!!!

07/08/2025

2025 n’est qu’un miroir du passé.

Aujourd’hui n’est pas seulement aujourd’hui. C’est le fruit lentement mûri de tes actes, de tes pensées, de tes décisions d’hier, d’il y a dix ans, vingt ans… peut-être même de ton enfance.

Shi Heng Yi nous rappelle cette vérité essentielle :

Le présent porte toujours en lui les graines semées autrefois.

Ainsi, lorsque quelque chose ne va pas aujourd’hui, ce n’est pas uniquement le résultat de tes actions actuelles.
C’est un écho, une conséquence silencieuse qui voyage depuis longtemps à travers le temps.

Alors, n’observe pas seulement le reflet immédiat. Tourne ton regard vers hier,
et tu trouveras là les racines de ce que tu vis aujourd’hui.

Car guérir ton passé, c’est éclairer ton présent.

La vie n’a jamais été juste.Et elle ne le sera jamais.Combien de fois t’es-tu demandé :Pourquoi moi ?Est-ce que je mérit...
07/04/2025

La vie n’a jamais été juste.
Et elle ne le sera jamais.

Combien de fois t’es-tu demandé :
Pourquoi moi ?

Est-ce que je mérite ça ?

Seigneur, m’as-tu oublié ?

Tu regardes autour de toi, et tu vois des gens obtenir en un claquement de doigts ce que toi tu poursuis à la sueur du front.
Toi, tu te donnes à fond…

Et pourtant, tu n’as même pas la moitié de ce qu’ils semblent avoir sans effort.

Tu veux que je te dise ? Ce n’est pas toi le problème. C’est juste que la vie n’est pas un terrain d’équité. Ce monde ne récompense pas les gentils. Il récompense ceux qui tiennent.

Alors non, n’attends pas que la vie soit douce parce que tu es bon.

Ne crois pas que ton intelligence suffira à t’ouvrir toutes les portes.

C’est une guerre. Et dans cette guerre, il n’y a pas de règles.

Tu dois avancer.

Avec ou sans visibilité.
Avec ou sans soutien.
Avec ou sans justice.

Et ce qui fera toute la différence… ce n’est pas ton diplôme.

Ce n’est pas ton apparence.

C’est ta résistance.

C'est plutôt, Combien de coups peux-tu encaisser sans tomber ?

Combien de refus peux-tu entendre sans te briser ?

Combien de nuits blanches peux-tu aligner sans te plaindre ?

C’est ça, la vraie force.
Pas dans les cris.
Mais dans l’endurance.

JUSQU’À CE QUE LES AGNEAUX DEVIENNENT DES LIONS 👑

Sispann fè tèt ou pase pou Viktim Tout bagay ka rive nan lavi, w fòk ou asime. Men ap fè tèt ou pase pou Viktim lè w pa ...
12/16/2024

Sispann fè tèt ou pase pou Viktim

Tout bagay ka rive nan lavi, w fòk ou asime. Men ap fè tèt ou pase pou Viktim lè w pa pran responsablite w, p ap ede w nan anyen .

Idantifye fistrasyon w yo epi chache mwayen pou libere tèt ou de fristrasyon sa yo. Ou gen dwa pou w fache, an kòlè e se nòmal; pa okipe moun k ap fè w konprann ou dwe rete janti nan tout sikonstans. Kòlè ak kè kontan se santi nòmal ke nou dwe eksprime, e se santiman sa yo ki konstwi nou kòm Moun. Lè w pa eksprime kòlè w, ou jis tounen prizonye de santiman sa. Sèl bagay pa gaspiye enèji w nan jistifye kòlè w ou ranfòse l. Libere w de kòlè sa ki se yon fristrasyon. Libere tèt ou lè w ekspoze l gwo lajounen.

Ou pa yon aktè sinema, sispann imajine tout vye senaryo pou vi w, kòmsi se malè sèlman ki ka rive w nan lavi w, e tout bon Bagay yo, se pou lòt moun. Kiyès ki di w sa? Kiyès ki fè w kwè sa? E poukisa ou oblije aksepte kwayans sa pou tèt ou ke w renmen anpil? Pa gen anyen mal k ap rive w si w pa dirije tout enèji w yo sou bagay sa yo, menm jan si w kwè nan bon bagay sèlman pou vi w, kiyès ki ka anpeche sa rive? Pèsonn sòf ou menm. Ou Menm sèl ki gen kle pou ouvri pòt bay bon ak move bagay nan vi w.

Pèsonn sou latè beni pa dwe w anyen, menm manman w ak papa w. Depi yon fin patisipe nan ba w lavi ki deja yon gwo Kado, pa gen anyen ankò ke yo dwe w ke akonpanye w pou konstwi pwòp vi pa w. Lè w antre tèt ou nan lojik gen bagay ki ta dwe pou ou natirèlman, ebyen chak baryè ap reprezante pou ou yon desepsyon, e chema sa pwal fè w kwè ke w se yon viktim paske w pa jwenn sa ki pou ou. Chanje chema sa, kwè pito nan efò pou w ofri tèt ou sa w renmen pito w kwè ou te dwe genyen l san fè anyen pou sa. Se pa yon enjistis si w pa genyen sa w estime ke w merite san jefò, se jis règ jwèt la.

Pa Janm rate okazyon pou afime tèt ou epi kominike klèman san lese okenn plas pou moun entèprete sa w di ou defòme sa w di. Ou ka pase tout rès vi w ap tann si w ap tann lòt Moun devine sa w bezwen pou pwòp tèt ou. Dayè èske gen moun ki gen tan pou ap devine sa w vle tout bon pandan yo gen pwòp tèt pa yo pou yo jere. Respè ak klate, se 2 eleman sa yo ou bezwen nan kominikasyon w. Sispann woule lang ou nan bouch ou pou di sa w bezwen, lage l san filtè.

Respè ou bay tèt ou ap detèmine respè ke w ap resevwa nan men lòt Moun. Tank ou respekte tèt ou plis, se tank w ap resevwa menm kantite ak kalite respè sa ke w pwal resevwa nan men lòt moun. Depi jodi ya, kòmanse aprann di "NON". Yon moun ki pa respekte limit ou, pa dwe fè pati zanmi w yo.

Transfòme panse ak enèji negativ ou yo an pozitivite. Ti vwa k ap di w pa kapab la, se pi gwo manti ki degize an verite. Si gen lòt moun ki rive fè sa w anvi fè a, poukisa ou menm tou ou pa kapab? Debarase de tout ti vwa sa yo ki anpeche w eseye alewè pou w ta pran risk. Depi jodi ya, idantifye vwa sa yo ki nan tèt ou a, denonse yo, ekspoze yo, avili yo an piblik, afebli yo epi ranplase yo pa afimasyon pozitiv ke w ap fè sou tèt ou, pa gratitid ke w eksprime chak jou.

Mete w an mouvman. Si w pa renmen sitiyasyon w ap viv la, degaje w pou w jwenn mwayen pou chanje sa. Chanje mòd panse w yo ki Kenbe w nan eta ou ye. Ou pa Viktim de anyen, amwens ke w ta chwazi fè tèt ou pase pou yon Viktim.

Toujou sezi okazyon pou pote lajwa nan vi w. Vi w kout anpil, e ou p ap jan gentan fè tout sa w anvi e vle fè, kidonk ti moman w genyen, pa neglije mete lajwa ladann tank ou kapab. Chache ou kreye aktivite k ap pote lajwa nan vi w. Pa kite lajwa w depann de lajan sèlman, kòmkwa pou kè m kontan fòk se lajan. Pa pyeje tèt ou nan chema sa, sinon ou ka riske pa janm gen kè kontan, paske lajan p ap janm ase kèlkeswa kantite ou ta genyen an.

Pran swen tèt ou. Nou konn chanson an deja ki di "yon lespri sen nan yon kò sen", kounya se pratike l. Bouje kò w, fè espò, manje byen, dòmi byen. Kò w se tankou veyikil lavi w. Pran swen kò w ak lespri w si w vle rive lwen. Si w neglije yo, aprè, pa vin pran pòz ou se yon viktim.

Kwè nan tèt ou, se bati konfyans ki ap pèmèt ou vanse nan pwojè w yo. San konfyans, pa gen anyen w ap ka akonpli paske w ap gen anpil baryè sou wout ou. Kanpe dwat, pale sa w kwè ak konviksyon. Rete konfyan nan tout inisyativ ou yo, epi asirans nan tèt ou ap vin yon bagay natirèl.

Pran yon ti pasyans ak tèt ou pandan w ap kontinye travay san kanpe. Chanjman an ap toujou pran yon ti tan pou li vizib menm lè w gentan nan pwosesis chanjman an. Repran kontwòl vi w ke w te neglije nan fè tèt ou pase pou yon viktim. Pran kontwòl vi w se yon pwosesis li ye, men se pa yon kous anraje. Chak jou w sou latè dwe ajoute nan pwosesis la, paske chak ti pa gen anpil enpòtans.

Mèsi!

Pa bliye PATAJE| LIKE| KÒMANTE| pou Mesaj la ka rive pi lwen!!! Sa p ap koute w anyen!!!

Coach Koolodo (R.V)🥇

N ap tann ou nan Gwoup pou n ka kore You n lòt ak Enèji Pozitif ke n ap pataje ansanm!! Klike sou lyen sa pou w rejwenn nou --> https://chat.whatsapp.com/Dg1iUUt9w7RFzVLFsW7PLP

Mèsi!!!

🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟
---+----+-----+----+-----+-----+----+-----+----+---

🏅🏅🏅 Follow Energy Positive on via .0 or instagram.com/energypositive2.0 | ---> tiktok.com/.0 | via .0 or
facebook.com/energypositive2.0 l # Energy

Don't forget to subscribe on our YouTube via this link: https://www.youtube.com/EnergyPositive?sub_confirmation=1..send your 📷 via : https://wa.me/17244693247 🎬 👉 / Email: [email protected]

Mwen konnen w rayi jou Lendi Swivan estatistik yo, nou plis ke 90% ki rayi jou Lendi aprè yon wikenn. An reyalite se pa ...
12/09/2024

Mwen konnen w rayi jou Lendi

Swivan estatistik yo, nou plis ke 90% ki rayi jou Lendi aprè yon wikenn. An reyalite se pa jou lendi ya yo rayi, men se sa yo pwal fè pandan jounen an, e kòm se premye Jou aktivite nan semèn lan, li gen ladann tout tras plezi wikenn lan, ki fè tanbou an vin pi lou aprè dans.

Ann pale onètman, si depi dimanch swa estrès gentan anvayi w, kè pa kontan gentan afiche sou vizaj ou, si li difisil pou w kite kabann ou, si depi jounen lendi a ou gentan paka tann vandredi. SÈKE OU JIS PA RENMEN DYÒB OU A.

Kounya fè yon ti kanpe, kòmanse poze tèt ou vrè kesyon sou lavi w.

Banm ede w nan kesyonnman yo. Mande tèt ou pa ekzanp: "Èske kote w ye a, se la ou ta dwe ye nan moman an?" , "Èske se lavi sa ou konte mennen jouk ou rive anba tè?" , " Èske ou vrèman pasyone de sa w ap fè kòm travay pandan jounen sa?"

Ou byen, ou ta rive nan yon pwen dézespwa e ke w ta deside reziyen w ak mòd vi sa; e pran desizyon kontinye ap viv konsa paske w pè pou w pa echwe pandan ou gentan plonje nan echèk la paske w ap viv yon fason ki pa kadre ak sa ki meyè ou ka ofri tèt ou.

Reveye w!

Confucius, yon filozòf chinwa te di nou, gen anpil milye ane de sa, ke si w : " Chwazi yon travay ke w renmen, ou p ap genyen pou w travay yon sèl jou nan vi w". Yon pawòl ki toujou valab nan moman w ap li tèks sa. Sinon mande tèt ou, si Elon Musk rayi jou lendi menm jan avè w, si repons lan se non, se paske Elon Musk remen sa l ap fè a kòm travay antanke antreprenè.

Lavi deja kout, ou paka aksepte pou w ap pèdi ladann chak Jou lendi w yo. Yon jounen ke w rayi se yon jounen ke w pèdi. Ou merite plis ke siviv nan yon mòd de vi ke w pa renmen, ki pa koresponn ak pèsonalite w e rèv ou. Merite pa vle di Kado, merite se efò pou w fè pou w ka jwenn sa ki pou ou.

Mete fanm ak gason sou ou pou w afwonte Jou lendi w yo epi transfòme yo an yon Jou vandredi. Afwonte laperèz ou genyen yo ki anpeche w chwazi yon travay ke w renmen, libere w de sa lòt moun ap atann de ou, se ak tèt ou gen angajman ak randevou, tout atant ou yo dwe se pwòp atant ke w bay tèt ou, pran chimen vibrasyon an, mennen lavi ki fè kè w kontan chak Jou Bondye mete.

Apati Jodi ya, chak jou lendi dwe pou ou yon jounen opòtinite, e non yon jounen pinisyon volontè. Pou transfòme jounen lendi sa an yon jounen opòtinite, ou dwe fè efò pou sa. Se pa sa w swete k ap chanje sa, se sa w fè k ap chanje sa.

Mèsi!

Pa bliye PATAJE| LIKE| KÒMANTE| pou Mesaj la ka rive pi lwen!!! Sa p ap koute w anyen!!!

Coach Koolodo (R.V)🥇

N ap tann ou nan Gwoup pou n ka kore You n lòt ak Enèji Pozitif ke n ap pataje ansanm!! Klike sou lyen sa pou w rejwenn nou --> https://chat.whatsapp.com/Dg1iUUt9w7RFzVLFsW7PLP

Mèsi!!!

🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟🌟
---+----+-----+----+-----+-----+----+-----+----+---

🏅🏅🏅 Follow Energy Positive on via .0 or instagram.com/energypositive2.0 | ---> tiktok.com/.0 | via .0 or
facebook.com/energypositive2.0 l # Energy

Don't forget to subscribe on our YouTube via this link: https://www.youtube.com/EnergyPositive?sub_confirmation=1..send your 📷 via : https://wa.me/17244693247 🎬 👉 / Email: [email protected]

Address

Mount Olive, NC
28365

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ayiti Futur posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share