07/08/2021
An n gade ansanm tout aksyon defen prezidan nou te poze ki te deranje yon pakèt nèg nan sektè prive a epi ki te sekwe sistèm nan:
1)Lisans entènèt 4G ( Nèg yo t ap fòse Leta siyen kontra sa a pou 10 milyon dola vèt. Lè yo wè prezidan an pa aksepte, yo envesti lajan nan briganday pou jete l sou pouvwa a. Prezidan an reziste e Leta fini pa siyen kontra sa a pou 407 milyon dola ameriken)
2) Lè Jovenel fenk monte, li jwenn Privert te siyen 4 kontra ak gwo nèg yo ki evalye a 4.8 milya dola ameriken. Jovenel koupe tout.
3) Jovenel te fè Leta a sispann achte bitim ( luil asfalt la) nan men gwo nèg pa bò isit paske l pi bon mache aletranje. Nèg yo te konn fè anviwon 2 milyon dola ameriken sou do mwen menm avè w nan bagay sa a chak mwa. Jovenel fini ak sa!
4) Jovenel fè Leta monte pwòp izin asfalt pa l, achte ekipman pou ranfòse Ministè Travo Piblik yon fason pou Leta gen kapasite pou l fè wout nan tout peyi a, pou Leta sispann peye chak grenn kilomèt wout 1.5 milyon dola vèt.
5) Chak ane, Leta konn ap depanse 240 milyon dola vèt chak ane nan achte blakawout nan men konpayi prive. Jovenel koupe sa pou l te ka jwenn posibilite pou fè tout peyi a jwenn kouran 24 sou 24. Malerezman, nèg yo fè 4 lane ap konbat li pou anpeche l reyalize rèv sa a.
6) Jovenel bare yon bann pè katolik k ap sèvi ak franchiz Leta ba yo pou fè pase machandiz nèg sektè prive sou non yo. Jovenel koupe sa !
7) Jovenel t ap goumen anpil pou entèkonekte ladwàn an Ayiti ak tout lòt ladwàn ki nan lemond, yon fason pou lè yon nèg deklare tèl kantite machandiz nan yon lòt peyi pou ladwàn an Ayiti tou okouran. Sa t ap anpeche nèg sispann fè magouy nan ladwàn. Imajine enterè konbyen nèg ki te menase ak pwojè sa a.
8) An 2020, Jovenel mete yon komisyon sou pye pou al gade kisa ki genyen nan zafè gaz la. Komisyon an jwenn nèg gaz yo fè plis pase 300 milyon dola chak ane sou do mwen menm avè w. Jovenel koupe sa !
N.B: gen 5 gwo bawon nan gaz la.
9) Jovenel t ap goumen pou mete sou pye yon bank pou ede peyi a nan sektè agrikòl la. Bank sa a rele Bank Nasyonal Devlopman Agrikòl (BNDA). Li te menm gen tan nome yon konsèy administrasyon pou bank sa a, yon bank ki t ap gen pou misyon prete travayè agrikòl yo lajan a yon to enterè ki fèb pou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt. Se pa de menas prezidan an pran nan men gwo nèg yo pou pwojè sa a. Menm kominote entènasyonal la te kont.
10) Gen 24 boujwa ki te dwe APN 19 milyon dola vèt depi 2001, yo pa t janm peye. Nan mwa Fevriye 2021 an, Jovenel fè nèg yo bay kòb la nan 15 jou.
11) Jovenel t ap mennen yon konba pou retire Leta anba grif oligak yo . Se nan sans sa a ki fè l te deside chanje konstitisyon an, paske nonsèlman oligak yo kontwole Leta a atravè konstitisyon 1987 la, ou pa ka pale tou de chanje sistèm nan san w pa manyen manman lwa peyi a. Se pi gwo kou Jovenel t apral bay nèg yo. Lè l pale de chanje konstitisyon an atravè yon referandòm, sa deranje nèg yo anpil paske yo wè yo p ap ka oryante konstitisyon an nan sans enterè pa yo.
12) Jovenel t ap goumen anpil kont koripsyon, sitou koripsyon k ap fèt nan sifaktirasyon. Sifaktirasyon an se lè Leta a pase yon kontra ak yon moun epi moun sa a fè Leta peye plis pase sa l ta dwe peye. Pa egzanp, prezidan an te bezwen 6 traktè agrikòl achte pou bay peyizan Latibonit. Gen yon gwo bawon ki di prezidan an chak traktè sa yo koute 300 mil dola vèt. Lè prezidan an al fè tchèk sou entènèt, li wè menm machin agrikòl la koute 46 mil dola la a Sendomeng.
13) Jovenel t ap goumen pou peyi a gen dlo, wout, kouran 24 sou 24; pou pwodiksyon nasyonal la te kapab ogmante. Li t ap batay tou pou libere Leta a anba grif oligak kowonpi yo. Li peye pri batay sa yo ak san li.
Batay la pa dwe kanpe.
Gaye Nouvèl La.