08/02/2026
Konkou Plim Lespri – Lakou Lespri
Lakou Lespri gen plezi prezante youn nan patisipan yo nan konkou Plim Lespri: Hannah Deane Rebecca MÉRIZIER, elèv nan Nouvo Sekondè ll nan Institut Le Marien.
Depi preskolè jiska 6e ane fondamantal, li te etidye nan Institution Mixte La Colombe.
Hannah pasyone ak chan ak lekti, epi li reve vin yon avoka ki gen repitasyon atravè lemond. Li gen valè solid, epi li vize reyisit pandan l ap toujou mete sèvis Bondye nan sant angajman li ak devouman li.
🗳️Piblik la envite vote pou patisipan yo pi renmen an.
📅 Vote yo ap louvri jiska 10 Fevriye.
✍🏽 Plim Lespri ✍🏽 Chak mo, chak refleksyon konte.