12/09/2025
*KISA KI VSLA A?*
VSLA se yon metòd gwoupman kominotè kote manm yo mete ansanm pou fè ekonomi, li bay konesans sou ekonomi ak edikasyon finansyè, epi fasilite devlopman kominotè. Ede fanmi yo jwenn aksè ak ti kredi, ogmante kapasite ekonomik yo epi bati solidarite nan kominote
*KIYES KI KA APRANN VSLA?*
Nenpòt moun ki gen volonte pou aprann ekonomi senp, fè solidarite, epi jere ti resous ka aprann VSLA.
*KI KOTE MOUN KI APRANN VSLA KA TRAVAY?
Moun ki aprann VSLA ka travay nan ONG Oganizasyon kominotè, pwojè devlopman,Asosiyasyon oswa menm nan pwòp kominote yo pou sipòte ekonomi lokal.
*SI YON MOUN APRANN LI AN AYITI ESKE LAP KA APLIKE LI NAN LOT PEYI?*
Wi, nenpòt kote li rive depi li pale lang kominote a.
Epi yon moun pa bezwen fé gro klas pou li gen konpetans sila men depi li ka fè bonjan kalkil, li ka ekri lizib pou moun konprann li kalifye.
Apre bel lekti sa kisa wap tann pou ou enskri nan bèl Fòmasyon sa?
Klike la👇🏻👇🏻👇🏻👇🏻 pou w ka rantre nan group fòmasyon an.
https://chat.whatsapp.com/BJIaJDGGSEnH5J0gIX98aC?mode=ems_copy_t