05/08/2026
📢 OF OFISYÈL D'ANPLWA | CPAM MOMBIN-KWOCHI
Caisse Populaire pour l'Avancement de Mombin-Crochu (CPAM) anonse ouvèti rekritman pou yon pòs Kasyè (Caissier/Caissière) nan biwo santral li ki chita nan Mombin-Kwochi, Depatman Nòdès.
Kandida yo dwe satisfè plizyè kondisyon, pami yo:
✔️ Gen yon diplòm nan Kontablite oswa yon ekivalan;
✔️ Pa depase 27 lane;
✔️ Metrize lojisyèl debaz tankou Word ak Excel;
✔️ Gen bon moral ak yon kasye jidisyè san tach;
✔️ Gen bon kapasite pou ekri ak pale franse;
✔️ Kapab travay an ekip epi jere presyon;
✔️ Soti nan zòn nan ap konsidere kòm yon avantaj.
📄 Dosye aplikasyon an dwe genyen: • Curriculum Vitae (CV) • Lèt motivasyon • Lèt rekòmandasyon
🗓️ Dat limit pou depoze dosye yo: 15 Dawout 2026.
⚠️ Se sèlman kandida ki seleksyone yo k ap resevwa yon envitasyon pou kontinye pwosesis rekritman an.
CPAM-Caisse Populaire ankouraje tout jèn ki ranpli kondisyon yo pou pwofite opòtinite sa a, epi envite tout moun pataje enfòmasyon an pou rive jwenn plis moun.