09/11/2023
🛑Anpil fwa nou konn tande paran yo ap di pitit yo gen bwonch fèb pa vre? Yo pa kite timoun sa yo benyen nan lapli eske yo gen rezon? 🛑
👉Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt Moun
Yo konn remake gen yon sezon nan ane yo konn wè timoun nan paka respire byen nenl ap sekresyon yo di"ah timoun nan gripe" pi yo konn rete yo gade eta timoun nan deteryore...
Jodya m pral pale nou de sak pase an reyalite , e map di nou kijan poun fè prevansyon nan fen tèks...anpil nan nou paran oubyen aple pou vin paran sa ap enpòtan pou nou
M pral pale nou de enfeksyon timoun yo trape nan bwonch yo nou jwenn li anpil lakay timoun ki gen mwens , se souvan viris ki koze sa lakay timoun yo
Bwonch yo se kòmsi se tiyo yo ye ki la pou pasaj lè wap respire an al nan poumon yo , yo jwe yon wòl nan defans si gen patikil nan lè wap respire an yo ka pyeje patikil sa pa pou pa desann nan poumonw
Kijan timoun yo ka trape enfeksyon nan bwonch yo?
Swa dirèktman si yon moun ki kontamine touse oubyen etène nan vizaj timoun nan
Swa endirèkteman si men moun nan sal pi lap manyen vizaj pitit ou an, anpil fwa lè yap jwe a timoun yo se nan jou yo moun yo renmen jwe...
Yo plis jwenn enfeksyon nan bwonch nan sezon ivè sitou mwa janvye fevriye a oto'n
Sak pase lè viris lan antre?
kò timoun reyaji , sa vin kresyon yon enflamasyon ak anpil sekresyon nan bwonch yo ,espas pasaj lè nan bwonch yo vin retresi sa ki vin fè timoun nan paka respire byen lap redi...
Kisa timoun nan ka santi?
-nenl konn ap kouri dlo
-Timoun nan ap redi poul respire ou ka wè zèl nenl ap bat, ti kòt li ap griyen sak efò lap fè poul respire etc...ti souf li kout sa yo vin kreye fatig
-timoun nan konn ajite
-Li ka gen yon tous sèch pi devan ki vin gras
-li ka gen fyèv, li ka pa genyenl
Gen siy kap endikew ke ka konplike
-timoun nan ka pa vle manje
-ekstremite dwèt li ka chanje koulè
-timoun nan gen ka yon malèz
-li ka ap pèdi konesans
-li ka ap respire rapid
- li ka ap vòmi
-timoun nan ka dezidrate, bous li sèch, pol fè pli, ou wèl parèt delala etc...
Depi nou ta remake timoun yo nan faz sa se kouri al lopital rapid rapid
-anpil etid ta vle konnen enfeksyon nan nan bwonch favorize opresyon
-li ka afekte poumon timoun nan
-timoun sa yo ka trape mikwòb pi fasil
Poukisa paran yo pa vle timoun sa yo benyen nan lapli paske yo estime bwonch timoun nan fèb?
- wi, yo gen rezon sak paske, lapli an pral bese tanperati timoun nan e sa ap favorab pou viris yo prolifere paske tanperati kò nou pèmèt nou konbat mibwòb , se rezon ou wè anpil fwa nou enfekte pa yon mikwòb nou gen fyèv se kò nou kap lite a mikwòb la
Ki mezi prekosyon poun fè ?
-Toujou ansenye timoun yo règ lijyèn sitou aprann yo lave men timoun yo aprè
-avan yon moun manyen vizaj timoun nan veye aske moun sa pap plede touse...
Toujou pataje piblikasyon yo pou ede lòt moun.