25/06/2021
Fanmi m yo, zanmi m yo,
Li te fèt jou ki 9 novanm nan ane 1957 nan lokalite Gelee, Okay, Marie Lucienne Massena Auguste ke tout moun konnen sou nom MATANTE, se te manman 6 pitit , 2 fi ak 4 gason: kise nan lod pi gran a pi piti :Jean Adler, Claudy, Marie Maudeline, Veloury, Marie Lucie ak Pierre Andre.
MATANTE te gen chans poul we 6 pitit pitit li, 4 pitit fi ak 2 pitit gason.
MATANTE se te 5eme nan yon fanmi 11 pitit, li t gen 3 frè ak 7 sè.
Bon, Poukisa tout moun rele l MATANTE ? Kote nom saa soti ? Premye timoun MATANTE leve nan lakay li se te yon neve li, li toujou rele l Matant. Lel vin gen premye, dezyem pitit li, yo tou kopye sou kouzen nan rele l Matant e konsa nom an tou rete.
Lopital depi lendi 7 jen, MATANTE te fè maladi s*k melange ak maladi tansyon rive lage l ate. Jou ki te 13 jen 2021 , a 8é 20 nan maten MATANTE ta pral rann denye souf li nan yon lopital nan vil Okay.
« Nou pa t janm panse nou tap rive la », konsa ak dlo nan ge youn nan pitit li yo tap pale.
Se konsa, san zatann, nan gro lapenn MATANTE ale kite nou
Lè mari l Jean Adrien Auguste te mouri nan mwa jen 2014, sa gen 7 lane, MATANTE te jwe rôl manman e papa pou tout fanmi li e avèk kouraj li te toujou kontinye ak biznis restoran yo te genyen nan Gelee ki rele CHEZ MATANTE depi nan lane 90. Se la wap jwenn pi bon pwason ak lambi nan Okay. Youn nan kliyan MATANTE lèl pran nouvèl lanmó a te di : « Le meilleur lambi roti du Pays » e yon lot di : yon gou eksepsyonel de yon pwason bouri, yon lambi boukannen osinon en sòs. Yon salad, yon pikliz ki kite yon gou ki pa janm soti nan bouch mwen »
Arebo lanmè, yon bel peyizaj, yon koulè tropical ak yon gou inik, CHEZ MATANTE se te kote anpil vizitè ak moun kap viv Okay te pi renmen. Se avèk yon kè tou louvri ak yon souri akeyan MATANTE te konn resevwa kliyan li yon rive jis andedan kizin nan pou yo chwazi pwason yon vle a. Tout moun jwenn menm akey la : eleve lekol, Atis, travayè, dirijan, timoun e latriye.
Chak jou a pati de 10 e nan maten, sil pa al preche laverite sou pawòl Bondye, MATANTE deja rive nan restoran li Gelee lel fin fe provizyon nan mache nan vil Okay. Gen rès pwovizyon, tankou pwason tou fre kifèk sot nan lanmè li achte nan pechè ki vin vann li sou balans bò lanmè a.